Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 33:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Epi Li te wa an Israël lè tèt a pèp la te rasanble tout tribi a Israël yo ansanm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 33:5
12 Referans Kwoze  

Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.


SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”


Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”


“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.


Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.


Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.


Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l.


Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”


“Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite