Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 32:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Yo fè m fè jalouzi, y'al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m fè kòlè, y'al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 32:21
31 Referans Kwoze  

Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo.


Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—


pou tout peche a Baesche yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo.


Paske li te mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo.


epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.


Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.


Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’


Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.


Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.


Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;


Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M.


Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”


Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.


Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’


Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,


“Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an.


“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.


Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”


Jan Li di osi nan Osée a: “Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’, e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”


Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.


Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, a dye ke yo pa t janm konnen, dye nèf ki fenk parèt, ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.


Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite