Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 30:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 30:6
24 Referans Kwoze  

men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.


Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.


Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”


Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.


Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.


Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: “Sila k ap delivre a va sòti de Sion. Li va retire enkwayans a Jacob.”


Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.


Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.


Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.


Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.


“Pou sa, nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo.


Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.


Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la.


Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite