Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 3:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Men, se nou menm ki lakòz Senyè a te fache sou mwen, li refize tande m. Li di m konsa: Ase la! Pa janm vin pale m bagay sa a ankò.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 3:26
15 Referans Kwoze  

“Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann;


Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?” Yo te di Li: “Nou kapab”.


Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”


Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen.


“Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: ‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la.


Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’


Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite