Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 28:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Madichon Bondye va tonbe sou nou lavil kou andeyò.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 28:16
32 Referans Kwoze  

Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”


Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”


Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an.


“Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.


Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.


Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.


Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a.


“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.


Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.


Devan yo, se dife k ap devore, e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo, men yon savann dezole dèyè yo, e nanpwen anyen ki chape.


Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”


Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.


Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”


jis li p ap bay menm youn nan yo okenn nan chè a pitit li ke li va manje a; akoz nanpwen anyen ki rete, pandan syèj la ak tan di anpil la, pa sila ke lènmi nou yo va oprime nou nan tout vil nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite