Detewonòm 24:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou. Gade chapit la1998 Haïtienne15 Peye l lajan l chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Senyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò. Gade chapit la |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.