Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.
“Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.