Detewonòm 19:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou. Gade chapit la1998 Haïtienne13 N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou. Gade chapit la |
Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”