Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 18:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 18:8
11 Referans Kwoze  

Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a.


Anplis, nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo.


Konsa, tout Israël nan jou Zorobabel avèk Néhémie yo te bay pòsyon ki te dwe fèt pou chantè yo avèk gadyen pòtay yo kon chak jou te mande a, e te mete apa pòsyon ki te konsakre a Levit yo; epi Levit yo te mete apa pòsyon ki te konsakre pou fis Aaron yo.


“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.


De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo.


“A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a.


Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.


alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite