Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Senyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 18:3
7 Referans Kwoze  

“Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo.


Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a.


Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.


“Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.


“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.


Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi nou va manje chè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite