Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 17:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak entere yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l, ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l nou menm, n'a leve, n'a moute kote Senyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 17:8
28 Referans Kwoze  

Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”


Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël.


Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.


Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.


Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini.


Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo.


Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini.


Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la.


Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.


“‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo:


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale.


“‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò.


Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.


Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.


alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.


“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——


“Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo.


“Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite