Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 17:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 pou l'al fè bagay Senyè a pa janm mande nou fè, pou l'al sèvi lòt bondye, tankou, lalin osinon zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 17:3
14 Referans Kwoze  

Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.


Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.


Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.


akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.


“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.


epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vrè, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël,


Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.


si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite