Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 17:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l yo, paske Senyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 17:16
23 Referans Kwoze  

David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.


Alò, Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l.


Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye.


Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”


Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue.


Alò, Salomon te gen kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem.


Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.


Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”


Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.


Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè.


Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.


“SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa.


Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?


Yo p ap retounen nan peyi Égypte, men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te refize retounen kote Mwen.


Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”


“Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo.


“SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.”


Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite