Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 15:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Pa kite okenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lannè a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l anyen. Paske lè sa a, l'a rele Senyè a, l'a pale l pou nou, epi n'a gen tò.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 15:9
30 Referans Kwoze  

akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.


Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.


“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.


Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;


Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.


Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.


Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen.


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’


“Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo.


Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.


Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo,


Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.


Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”


Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.


Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.


Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite