Detewonòm 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 “Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa. Gade chapit la1998 Haïtienne19 Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Senyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n'al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea. Gade chapit la |