Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t'ap pwente nan direksyon kat gwo van yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 8:8
19 Referans Kwoze  

Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.


Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.


Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.


Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen.


Mwen te fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.


Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.


Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.


Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou.


Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.


Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.


“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.


Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.


Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li.


Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.


epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.


Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.


Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.


Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite