Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 8:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa okenn moun ki fè l anyen.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 8:25
21 Referans Kwoze  

Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.


“Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.


Paske inikite a fi a pèp mwen an pi gwo ke peche Sodome, ki te boulvèse nan yon moman, san pa t gen men ki boulvèse l.


Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.


Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.


“‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan.


“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.


Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.


Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt.


Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan.


Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.


Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite