Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l yo se te premye wa a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 8:21
9 Referans Kwoze  

Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.


“Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Grèce la.


Konsa, yon wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito.


“Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè.


“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.


Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo.


Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.


Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite