Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t'ap mache sou twazan depi li te wa.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 8:1
11 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.


Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.


Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn.


Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo.


Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.


Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.


“Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz.


“Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”


Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun.


Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.


nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite