Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan lalwa Bondye li a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè sa a yonn di lòt: — Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l la.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 6:5
8 Referans Kwoze  

Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.


Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.


Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.”


Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.


Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite