Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen t ap pwospere nan palè mwen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen menm, Nebikadneza, mwen t'ap viv alèz lakay mwen. Tout zafè m t'ap mache byen nan palè a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 4:4
13 Referans Kwoze  

“Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen na p fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”


“Moab te alèz depi nan jenès li; anplis, li pa t janm deranje. Tankou diven ki rete nan boutèy orijinal, ki pa t vide de veso a veso, nonplis li pa t janm ale an egzil. Akoz sa, li kenbe bon gou li, ni odè li pa chanje.


Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou. Ou te fè sajès ou vin konwonpi akoz gwo bèlte ou a. Mwen te jete ou atè. Mwen te mete ou devan wa yo pou yo wè ou.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”


Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!


Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di.


Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite