Danyèl 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! Gade chapit la1998 Haïtienne19 Lè sa a, Danyèl ki te rele Bèltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l konsa: — Bèltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l lan boulvèse tèt ou! Bèltechaza reponn: — Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo. Gade chapit la |