Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Nèg save yo reponn wa a, yo di l konsa: — Pa gen pèsonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l gran, li te mèt gen pouvwa pase sàn pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 2:10
5 Referans Kwoze  

Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.


Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.


Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.


Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.


Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite