Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m pat gen fòs menm, figi m te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 10:8
15 Referans Kwoze  

Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan.


Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”


Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m.


Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”


“Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”


Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.


Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.


Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.


Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.


Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.


Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite