Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 10:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Kò l te klere tankou yon wòch poli. Figi l te tankou zèklè. Je l yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 10:6
18 Referans Kwoze  

epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo.


Men li se wondèl fèt an lò, anbeli ak bijou beril. Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.


Epi kreyati vivan yo te kouri fè ale retou tankou kout loray.


Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou.


Anplis, mwen te tande son a zèl yo tankou son anpil gwo dlo pandan yo t ap prale, tankou vwa a Toupwisan an, yon son a gwo boulvèsman, tankou son a yon lame ki nan kan li. Nenpòt lè yo sispann fè mouvman, yo lage desann zèl yo.


Janm yo te dwat, pye yo te tankou zago jenn bèf, e yo te klere tankou bwonz poli.


Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit.


Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.


Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan tankou metal k ap klere.


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.


Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.


Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.


Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm.


“A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a:


senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite