Amòs 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li. Gade chapit la1998 Haïtienne13 Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gentan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gentan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Senyè a menm ki di sa. Gade chapit la |