Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Men pawòl Senyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.

Gade chapit la Kopi




Amòs 8:9
18 Referans Kwoze  

Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.


Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.


Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.


Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.


Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.


Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”


Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.


Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon e fènwa pou nou—san apèsi davni. Solèy la va kouche sou pwofèt yo, e lajounen va vin fènwa sou yo.


Li va yon jou inik ki konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan aswè, va gen limyè.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).


Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.


Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite