Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè sa a, moun va pran kouri sòti nan no al nan sid, sòti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Senyè a. Men, yo p'ap jwenn.

Gade chapit la Kopi




Amòs 8:12
14 Referans Kwoze  

Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,


Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren; men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.


“Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”


Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.


Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”


Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo pou y al chache SENYÈ a, men yo p ap jwenn Li. Li te retire tèt Li kite yo.


“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.


Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite