Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 7:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.

Gade chapit la Kopi




Amòs 7:9
16 Referans Kwoze  

Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.


Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan; advèsè nou yo te foule li ba nèt.


“Nou vin wont akoz nou te tande repwòch. Wont lan fin kouvri figi nou, paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”


Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo.


Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”


“Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.


Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.


Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”


Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans la a wa a!”


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.


Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite