Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l konsa: — Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesay ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!

Gade chapit la Kopi




Amòs 7:12
16 Referans Kwoze  

Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.


ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.


Wi, chen yo voras. Yo pa janm jwenn asi. Se bèje yo ye san konprann. Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo, yo chak nan ranmase byen de tout katye.


Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”


Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”


Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”


O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.


Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.


Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”


Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo pou kite vil la.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.


se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.


Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”


(Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite