Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon sou moun pwisan yo, jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.

Gade chapit la Kopi




Amòs 5:9
7 Referans Kwoze  

Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”


Epi Joas, fis a Joachaz la, te reprann vil yo soti nan men a Ben-Hadad, fis Hazaël la, vil ke papa li te pran nan lagè soti nan men a Joachaz yo, papa li a. Twa fwa Joas te bat li e te reprann vil yo ki te pou Israël yo.


Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.


Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”


Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.


“Anplis, Mwen va koupe retire vil nan peyi nou yo, e mwen va jete tout miray fòterès nou yo.


Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite