Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! Paske se sa Mwen va fè ou; prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l kontre ak Bondye nou an.

Gade chapit la Kopi




Amòs 4:12
20 Referans Kwoze  

Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.


Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”


tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi. Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a.


“Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn.


Mwen va rankontre yo kon yon lous ki fenk fin pèdi pitit li, e mwen va chire lestomak yo nèt. Sou plas, Mwen va devore yo tankou yon manman lyon, jan yon bèt sovaj ta chire yo.


Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.


Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.


“Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.


Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite