Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abdyas 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nou pat dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pat dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pat dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a.

Gade chapit la Kopi




Abdyas 1:13
9 Referans Kwoze  

Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”


Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? Oswa bat men m lè mal vin rive li?


Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.


Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.


“‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,


“‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an.


Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’


akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”


Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite