Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Ou te rale banza a soti nan fouwo l; Ou te rele flech ou yo fè semàn an. Selah. Ou te fann tè a ak rivyè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri.

Gade chapit la Kopi




Abakik 3:9
22 Referans Kwoze  

Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, e zye li wè tout sa ki presye.


Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.


SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.


Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.


Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.


Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.


Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.


Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite