Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen. Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se Senyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m tankou pye kabrit. Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.

Gade chapit la Kopi




Abakik 3:19
25 Referans Kwoze  

Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.


Li fè pye m tankou pye a sèf, ki fè m chita nan plas ki wo.


Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.


Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?


Li fè pye m yo vin tankou sèf, epi fè m vin plase kote ki wo yo.


Li antrene men m pou batay la, jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.


Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.


M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.


Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”


Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.


konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo. Mwen va bay ou manje, e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, paske bouch SENYÈ a pale sa a.”


Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’


Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.


pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.


Li te fè li monte sou wo plas tè yo. Yo te manje pwodwi a chan yo. Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, ak lwil nan wòch ki te di:


Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite