Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 8:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Senyè a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 8:18
21 Referans Kwoze  

Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.


Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.


Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba.


Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.


Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la.


Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.


men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a.


Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj.


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.


Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite