Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nom nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la sòti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: — Mèt, mèt! Sa m pral fè la a? Se prete yo te prete m rach la wi!

Gade chapit la Kopi




2 Wa 6:5
12 Referans Kwoze  

Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”


Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”


Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”


Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo.


Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a.


Mechan an prete, men li pa remèt, men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.


Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!


Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an lèn fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo;


Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite