Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Apre sa, l'ale jwenn mèt li. Elize mande l: — Gerazi, kote ou sòti? Gerazi reponn: — M pa te al okenn kote non, mèt!

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:25
14 Referans Kwoze  

Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”


Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”


Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?” Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”


Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak de echanj konplè nan vètman yo.’”


Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.


“Men konsa chemen a fanm adiltè a: Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite