Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Men domestik li yo al jwenn li epi yo di li: — Mèt! Si pwofèt la te mande ou yon bagay difisil, eske ou pa ta fè li? Poukisa ou pa al lage kò ou nan dlo a koulyeya pou ka geri jan li di ou la?

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:13
31 Referans Kwoze  

Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la.


Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: “dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo.


Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”


Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”


Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!” Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.


Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”


Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”


Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”


Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”


Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.


Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.


“Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’


Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.


Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”


Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.


Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.


Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.


Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.


Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.


Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an,


annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.


Sa se yon modèl pare ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.


Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan.


Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite