Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 13:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, Senyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pat kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 13:23
36 Referans Kwoze  

Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”


Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a;


Lè Hazaël, wa Syrie a te mouri, Ben-Hadad, fis li a, te devni wa nan plas li.


Alò, Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo.


Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.


SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.


Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.


SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.


Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.


Akò ke Li te fè avèk Abraham nan, ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.


Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm, e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.


Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.


Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.


Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.


Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”


Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.


Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.


Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.


“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.


Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.


Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.


Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite