Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 12:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men Jehojada, prèt la te pran yon kès sere e te pèse yon twou nan tèt bwat la e te mete li akote lotèl la sou kote dwat kote moun antre nan kay SENYÈ a. Epi prèt ki te veye kote papòt la, te mete ladann tout lajan ki te mennen nan kay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Senyè a. Se ladan l prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 12:9
12 Referans Kwoze  

Pou sa, prèt yo te dakò pou yo pa t pran lajan nan men pèp la, ni fè reparasyon kay la.


“Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la.


Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.


Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan.


epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo.


Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.


Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.


epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.


Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.


Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann.


Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite