2 Wa 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne18 Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Senyè a. Gade chapit la |
Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.