Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Lè sa a, zanj Senyè a di Eli konsa: — Ou mèt ale ak mesye. Ou pa bezwen pè l. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l'al jwenn wa a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 1:15
11 Referans Kwoze  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Élie te di: “Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.”


Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”


Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


“Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.


Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.


Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye.


Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.


Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite