2 Pyè 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo. Gade chapit la1998 Haïtienne16 Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun inyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo. Gade chapit la |