Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 36:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 — Mwen menm Siris, lanperè peyi Lapès, men lòd mwen pase: Senyè Bondye nan syèl la, mete m' chèf sou tout peyi sou latè. Li ban m' reskonsablite pou mwen bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 36:23
22 Referans Kwoze  

Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”


lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”


Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di:


Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:


mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou.


Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.


Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.


Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.


Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa. Li va bati vil Mwen, e va kite egzile Mwen yo vin libere, pa pou pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.


Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li.


Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.


Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


“O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”


Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.


Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.


Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite