Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 35:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Senyè a, bay demil sisan (2.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (300) bèf pou yo touye pou fèt la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 35:8
24 Referans Kwoze  

Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li.


Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm.


Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a.


Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan.


Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a.


Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.


avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan.


Fi Tyr la va vini avèk yon kado. Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.


Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo.


Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Sadiseyen yo te rive kote yo.


Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite