Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 33:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, li pat rekonèt peche l yo devan Senyè a, tankou Manase, papa l, te fè l la. Li menm rive fè pi mal pase papa l toujou.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 33:23
9 Referans Kwoze  

Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.


Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem.


Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.


Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a.


Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


“Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa,


Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite