Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 29:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan dèske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 29:36
10 Referans Kwoze  

Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.


Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.


Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la.


Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.


Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.


O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.


Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite