Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 29:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, y'al vide l sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, y'al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, y'al vide san yo sou lotèl la tou.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 29:22
9 Referans Kwoze  

Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo.


Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.


Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la.


Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.


Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.


Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te flite rès san an toutotou lotèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite