2 Kwonik 29:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a. Gade chapit la1998 Haïtienne17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye ankò. Gade chapit la |